New Jersey Wic

Pwodiksyon Lèt Fèb

Pwodiksyon Lèt Fèb

Anpil manman k ap bay tete enkyete yo lè yo pa gen ase lèt pou tibebe yo. Bon nouvèl la se pifò manman ka pwodui anpil lèt.

Pwodiksyon lèt fèb ka rive:

Pale ak konsiltan laktasyon WIC ou a si w gen enkyetid
sou pwodiksyon lèt ou a.

Light blue heart

Sa ou ka fè:

plugged-ducts

Pou ogmante pwodiksyon lèt la, fòk bebe l rale tout lèt ki nan tete a.

  • Si tibebe a pa bwè tout lèt ki nan tete w, tire rès lèt la.
  • Plis ou retire tout lèt nan tete w se plis lèt tete w yo ap pwodui.

offer-breast

Bay tete souvan epi kite tibebe w la deside ki lè pou l kanpe.

diff-position

Ofri tou de tete yo nan chak alètman

  • Fè tibebe a rete nan premye tete a toutotan l ap souse epi vale toujou.
  • Ofri dezyèm tete a lè tibebe a ralanti oswa li sispann

Massage or compress

Mase oswa konprese tete w yo pandan tibebe a ap pran tete pou ede l lage plis lèt.

Avoid giving formula

Evite bay tibebe a fòmil oswa itilize tetin.

  • Si ou bezwen bay tibebe a yon boutèy, ofri l lèt ou te tire a.

diff-position

Si konsèy ki anwo yo pa ede w, tcheke avèk founisè swen sante w la pou asire w pa gen okenn pwoblèm medikal ki ta ka diminye pwodiksyon lèt ou a.